1999
Kalbas Lò 2
Prèmye fwa
 

Se te yon samedi swa
Syel-la te klere ak zetwal
Koukouy te gide m sou chimen m
M ta pral nan yon randevou damou.

Se te nan gran chimen, sou yon galri
M chita, nan kalfou banbou
M ap konte zetwal m ap tann “ADMARIE ”
Kè m t ap bat tankou yon tanbou.

Twa mwa renmen prèmye randevou
Nou te toujou rankontre lè nou pral lekòl
Nou te toujou konn pale youn ak lòt de lanmou
E osi aprann pwezi, pwofesè Ti-Pol.

Jodi-a, de zye nou e bouch nou pral fè yon sèl
Tout ti fèy, bè flè pral tonbe
Tout ti zwazo nan bwa pral chante
Mwen santi yon dlo fré k ap koule nan kè m.

Kou l fè sinkè “ADMARIE ” vinn parèt
Li bo m, yon fwa, mwen bo l yon fwa
Bel ròb plizyè koulè ak yon bonèt
Li bo m, mwen bo l nou bo pou prèmye fwa.

Bo sikré e ki rafrechi
Ki fè chévé m kanpe
Kè nou soude pou la vi
Nou te renmen, nou te rankontre.

Bo m cheri, bo m ankò, bo m kounyea
Nou pa dwe damou e rèt tann pi ta
Lavi se pa dèmen, lavi se jodi-a
Paske pi ta, pi ta ap two ta.


 
Fritz Monpérousse